JEZU MWEN RENMEN OU SE OU KI SOVE M

18 KCD – Jézu, mwen renmen ou, Se ou ki Sovè-m

1.

Jézu, mwen renmen ou, Se ou ki Sovè-m,

Amou ou fè-m kite plezi peche mwen.

Redanmtè beni mwen, Se ou ki Sovè-m,

Mwen renmen ou, Segnè, pi plus ke jamè.

2.

Mwen renmen ou paske ou renmen-m avan,

Sou pie bwa Kalvè ou te soufri pou mwen.

Mwen renmen ou ki poté kourò-n pikan;

Mwen renmen ou Segnè, pi plus ké jamè.

3.

Nan la vi, nan Ian mò, mwen va renmen ou.

Ma sèvi ou tout tan ou ban-m souf bouch mwen.

lè lonbraj Ian mò vi-n sou mwen, ma di ou:

Mwen renmen ou, Segnè, pi plus ke jamè.

4.

Nan kay Bon-Die, ak jwa e glwa e la pè,

Nan sièl la ma va adore ou san fin.

Devan tout anj Bon-Die yo, ma va chante:

Mwen renmen ou, Segnè, pi plus ke jamè.

Leave a comment