CLICK THIS TO DOWNLOAD THE TEXT: REZUREKSYON KRIS LA SE PI GRO ZIN
CHRIST THE ROCK CONGREGATION
SUNDAY APRIL 20TH 2014
EASTER SERMON
By Pastor Marc E Simeon
REZURÈKSYON KRIS LA SE PI GRO ZIN
Matye 28 1-15
1 ¶ Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo
2 Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann soti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li.
3 Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj.
4 Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri.
5 Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n’ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a.
6 Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l’ te di a. Vini wè kote l’ te kouche a.
7 Apre sa, prese al di disip li yo li leve soti vivan nan lanmò. Li gen tan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y’a wè li. Se sa m’ te gen pou m’ di nou.
8 Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men an menm tan tou yo te kontan. Yo t’ap kouri pote nouvèl la bay disip yo.
9 Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l’, yo kenbe pye l’, yo adore li.
10 Jezi di yo: Nou pa bezwen pè. Ale di frè m’ yo pou y al nan Galile. Se la y’a wè mwen.
11 ¶ Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t’ap veye kavo a te genyen ki te gen tan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive.
12 Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan.
13 Epi yo di yo: Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t’ap dòmi.
14 Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n’a konnen ki jan pou n’ pale avè l’ pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka.
15 Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l’ la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.
REZURÈKSYON KRIS LA SE PI GRO ZIN
- Depi nan arestasyon Jezu jouk pou rive nan rezurèksyon Li, pa manke gin zin ki pase
- Al fè dap pyanp sou Li nan jaden Jetsemane pandan li tap prye, se te gno gro zin, min se patko zin toujou.
- Pyè ki manke fann tet Makus avèk gnon manchèt min ki rive koupe feil zorey miche, se te zin, min se patko zin toujou.
- Fè konplo sou Jezu ak gnon pakèt fo akuzasyon sou Li, se te zin, min se patko zin toujou.
- Trennen-l devan chef Jwif yo nan mitan nannuit pou kase gnon jujman tèt anba sou Li, se te zin, min se patko zin toujou.
- Trennen-l devan Pilat san manda, san prosè verbal, se te zin, min se patko zin toujou.
- Lè Pitat wè l-pa ka jwenn ni pie ni tèt nan jujman sa-a, li baskule Jezu bay Herod ki te gro lelmi-l, se te zin, min se patko zin toujou.
- Herod ki pat vle foure kò-l nan jujman san sans sa, pa fè ni de ni twa, li retounen pass la bay Pilat. Pilat wè-l mele avek Jezu, le sa bagay yo cho nan men-l. Se te zin, min se patko zin toujou.
- Pilat fè bat Jezu san kòz pou wè si-l te ka kalme pèp la, se te zin, min se patko zin toujou.
- Lè Pilat wè-l pran ak Jwif yo, li lonje gnon gwo kriminel bay yo nan plas Jezu, min helas pèp la pa satisfè toujou. Pilat wè-l nan yon gro zin. se te zin, min se patko zin toujou.
- Pèp la met ansanm pou rele krusifyel, krusifyel ; madanm pilat vin dil chape poul ou nan koze-a, min helas li te déjà tro ta. Se te zin, min se patko zin toujou.
- Fose yon inosan pote kwa-l pou al pandye-l Golgota. Se te zin, min se patko zin toujou.
- Fè tiraj o sò ak rad Li, souflete-l, mete kouròn pikan sou tèt Li, se te zin, min se patko zin toujou.
- Lè-l di Li swaf yo ba-l vinèg pou-L bwè, mezanmi : se te zin, min se patko zin toujou.
- Travèse yon gro klou fann fwa nan chak min-l ak de pyel se te zin, min se patko zin toujou.
- Ekpoze-l nan mitan de brigan malgre inosans li te gnon gro zin, se te zin, min se patko zin toujou.
- Lè-L fin mouri, pèse kòt Li pou fè tout rès san-L soti jouskaske dlo soti. se te zin, min se patko zin toujou.
ZIN-AN PRAL KOMANSE
- Solèy la pral retire kò-l nan koze-a, fè nwa anvayi latè pou twa zèd tan, se te zin, min se patko zin toujou.
- Tè-a pran tranble ak sezisman, se te zin, min se patko zin toujou.
- Vwal tamp lan dechire de ro anba, moun odinè ap gade le Lye Trè Sin, yon gwo sign, yon gro ke kase, se te zin, min se patko zin toujou.
- Moun komance ap panike, trop sign rive yon sèl kou, Santenye-a di asuremen nonm sa se te pitit BonDye, adye Bondye, tan an trè sombre, se te zin, min se patko zin toujou.
- Bagay la cho nan konsyans yo, Juda pote kòb la tounen, lè yo pa resevwal li lagel atè lal pann tèt li. Se te zin, min se patko zin toujou.
- Yo desann Jezu soti sou kwa-a, yon nonm rich mande kò-a, min chef yo pè pou yon pi gro zin pa rive—pou yo pa kouri bri di Li resusite, paske sa tap yon pi gro zin. Se te zin, min se patko zin toujou.
- Yo mete 3 shif sòlda ap veye kò-a, tout moun an karantèn ; pipirit pa vole, chat pa monte rat pa desann. Se te zin, min se patko zin toujou.
BON MIN ZIN !!!!!!!
- Pandan sòlda yo ap veye, yon gro alterisaj rive sou yo. Frap la tèlman fò, li sekwe tè-a. MIN ZIN !!
- Yon zanj Bondye soti tou limen tankou solèy. Li rive sou kavo-a, li roule ròch la tankou yon ti pay. MIN ZIN !!
- Sòlda yo ki tap veye kò-a pèdi konesans yo, la tranblad pran yo, yo paralyze devan prezans zanj yo. MIN ZIN !!
- MIN ZIN !!, yo pa wè Mò-a; yo wè twal ki te vlope-l yo, min kò-a disparet.
- Zanj yo sètifye ke jezu resusite jan-l te pwomèt-la
- MIN ZIN !! Bon zin sa-a resi tròp. Nouvèl sa-a pral fann Jeruzalem an de mòso
- MIN ZIN !! Sòlda yo rale kò yo dèyè tankou yon kribich, yo di pye sa-m mange m-pa ba’w. yo kraze gage rak, y-al pot nouvel la bay chèf yo. MIN ZIN !!
- Yap begle ak sezisman sa sèlman yo ka di : Tranbleman de tè, zanj tou limen, roch roule, tonbo vid, lot moun wè tou.
- MIN ZIN !! Chef yo wè yo mele ak koze sa-a, sèvèl tèt yo ap eklate, yo pa konn sa pou yo fè. MIN ZIN !!
- Yo fè yon konplo ak solda yo pou yo ka pè bouch yo, e pou yo ka change istwa-a.
- Yo fè bouch yo, “si nouvel la pran lari, n-a di se disip Li yo ki vinn vòlè kò-a pandan n-ap dòmi. MIN ZIN !!
- Prêt yo ak chef yo oblije mare senti yo, paske zin sa pi rèd. MIN ZIN !!
PANDAN SE TAN
- Jezu kontre ak medam yo, Li prouve ke sa zanj la tap di-a sèten, se tout bon vre li soti vivan soti nan lanmo. ALLELUIA !
- Se sa selman medam yo te bezwen, kounye-a nouvel pral gaye pi vit pase radio ak televizion. ALLELUIA !
- Nouvel la vire lavil tet anba, tout moun ap kouri rive nan tomb lan.
- Moun ki te nan rout lakay kouri retounin prese al gade pou yo ka wè ak 2 je yo.
- Tout moun se yon sel sujè,
- Disip yo sezi ; sak pat la refuze kwè
- Thomas di, tout tan m’pa touche-l ak men pa mwen, m-pa ka kwè
Lanmò ak rezurèksyon Jezu-a, se pi gro zin ki te ka koke nan lalwèt lèzòm.
Kounyea, nou pral wè kijan nouvèl la boulvèse mond satanik la.
REZUREKSYON JEZU-A SE PI GRO ZIN NAN GOJ DIAB-LA
- Si nouvèl la te tròp pou lezòm, imagine sa’l fè nan royòm Satan ak tout zanj li yo.
- Sonje ke se Satan ki te mete lèzòm devan, min se li te an aksyon.
- Pitit la kraze tèt sèpan-an et sèpan-an va mode talon Li (Genez 3 :15).
- Pou Satan, Rezureksyon Jezu-a se yon nouvèl fann fwa
- Yon fwa mission-an fin akonpli sou lakwa, Jezu rantre en espri.
- Jezu rantre nan vant lanmo, l’al vire royom Satan-an tet anba, es gro zin
- Jezu ale li ranmase denye se pouvwa ak otorite ak dominion Satan te vole nan min lezom
- Gin tout yon jeneration moun ki tap viv nan tan Noe, le deluj la te rive sou yo. Moun sa te bezwin tande levanjil, Jezu ale libere yo.
- Gin moun Bondye ancien Testaman yo tap tann guaranti redanpsyon yo nan sin Abraham la, Jezu moute al avek yon an syel
- Gin bon nomb moun ki te mouri avan le yo, Jezu fe yo retounin al fin viv res la vi yo sou late.
- Jou rezureksyon an, lavil Jeruzalem te chage ak moun resusite (pa zombi)
- Satan ret la l’ap gade, li paralize, li paka fe angnen
- Se pa ak ti Jezu nan po krab la li te an afe, min (Dieu dans toute sa gloire).
- Depi le saa, Satan komance ap pedi fil
- Jezu pral bay disip yo menm otorite sa pou yo chase Satan, ninpot kote yo jwenn ave-l
- Sa vle di jouk moun tankou-m ka rele Chal Barik deye Satan.
- Sa vle di pouvwa lanmo kaba (FI fi NI ni)
- Sa vle di tout dwa legal Satan te gin sou late disparet
- Min zin, Jezu pral lage legliz nan ko Satan pou pouswib li met deyo
- Tale konsa disip kris yo pral vire late tet anba
- Mesaj Kris la pral preche nan tout bout late
- Moun nan tout lang ak tout dyalek pral konfese ke Jezu se sgne
- Rezureksyon kris la expose febles lanmo
- Rezureksyo Kris la kraze pwisans peche
- Rezureksyon Kris demontre pwisans bobdye
- Rezureksyon Kris la garanti prop rezureksyon pan ou
- Rezureksyon Kris la fe kretyen souri le yo we lanmo
REZUREKSYON KRIS INKONTESTAB
- Zanj BonDye-yo testifyel
- Fanm ki t’al anbome’l yo we-l ak de je yo
- Pye we-l
- Lot disip yow el
- Thomas foure dwet nan kol
- 500 fre nan patizan Kris la we-l
- 2 disip ki tap monte sou rout Emaus yow el
- Pol rankontre bab pou bab ave-l sou rout Damasi
- Le Jezu ak dekole pou retounen nan syel, tout moun nan zanviron yo wel
REZUREKSYON KRIS SE PI GWO ZIN TOUPATOU
- Syel la fe fet pou gwo viktwa sa
- Se sel jou diab la ta renmen efase nan almanak li
- Se jou indepandans tout Kretyen
- Se jou lanmo te pedi pouvwa li
- Se sel jou Kretyen toupatou pa dwe janm blye.
- Bay Bondye glwa pou gran jou sa