74 Echos Des Elus : Distans M-Rive
1
Distans m-rive m-santi pap ka tounin ankò
Mwen pap tounen, mwen pap tounen
Min-m si loraj, danje menace frape mwen,
Ankò mwen di, Mwen pap tounin
Ref
O non, non, non,
Mwen pap tounin
Paske anro ki atire-m
Déjà avion mwen dekole
m-pase poin pou-m pa tounin
2
Le mond ak plezi-l yo rele legliz tounin
Anro rele-m pou-m pa tounin
Min-m si nuaj yo leve espre pou vi-n bare-m
Yon pa ankò m-ap ouè Sovè-m.
Ref
O non, non, non,
Mwen pap tounin
Paske anro ki atire-m
Déjà avion mwen dekole
m-pase poin pou-m pa tounin
3
Lè gro van yo ak tanpet yo leve kont mwen
Legliz kanpe sou yon sèl mo
m-deja pati pou yon cite lòt moun anro
kote Mèt mwen ap di bravo
Ref
O non, non, non,
Mwen pap tounin
Paske anro ki atire-m
Déjà avion mwen dekole
m-pase poin pou-m pa tounin